LIVE: Atelye biling · Anglè ak Kreyòl Ayisyen
Yon fòmasyon an dirèk, an kreyòl ak anglè, pou antreprenè nan dyaspora ayisyen an ki pare pou yo sispann rale cheve nan tèt yo epi ki vle pase alaksyon. Twa jou gwo travay — n ap pale sou mantalite, estrikti, ak fason pou w jwenn premye kliyan ou yo.
– Pa aplikasyon · Plas yo limite
Sa ki ladan l.
Depi nan premye konsiltasyon an pou rive nan moman ou vin manm ansyen elèv nou yo, pwogram nan trase byen klè. Chak etap gen yon rezilta byen presi n ap delivre ba ou. Pa gen anyen ki an lout nan sa.
An dirèk sou Zoom
Anglè ak Kreyòl
3 Jou Kout ke Kout
Moun ki sou lis tann lan ap jwenn premye chans pou yo antre
Patisipe nan fòmasyon an dirèk, poze tout gwo keksyon k ap bouyi nan tèt ou, epi chase tout dout ou yo menm lè a.
Ou pa ka disponib pou yon sesyon? Pa bay tèt ou pwoblèm. Wa jwenn anrejistreman yo nenpòt lè, nenpòt kote, epi swiv yo nan ritm pa w.
Plan pratik, lis verifikasyon, ak zouti ki fèt espesyalman pou ede w pase alaksyon san tatonnen.
Antoure tèt ou ak moun ki gen menm vizyon avè w pou nou ka ankouraje youn lòt, jwenn sipò, ak fè bon kontak.
Yon plan klè, san presyon, ki baze sou reyalis lavi w — ou pa bezwen fò nan gwo kalkil biznis konplike pou sa.
Twa jou.
Twa rezilta.
Se pa yon konferans sou entènèt (webinar) kote n ap annik pale. Se pa yon pil enfòmasyon n ap vide sou ou konsa konsa. Chak jou se yon sesyon travay pratik kote w ap soti ak yon bagay konkret nan men w.
Mindset
Kraze tout blokaj mantal ki anpeche w kòmanse depi byen lontan yo. Kit se pwoblèm lang, konfyans nan tèt ou, oswa santi w pa merite sa — n ap abòde yo tout nèt. Depi nan premye jou a, w ap soti ak konviksyon ke kote w ye kounye a sifi lajman pou w demare.
The Business
Verifye si lide biznis ou a bon tout bon vre. Konprann baz legal yo pou w louvri yon biznis Ozetazini. Aprann kijan lajan sikile nan yon biznis san w pa bezwen antre nan gwo kalkil konplike. W ap soti ak yon vrè plan pou w kòmanse — se pa sèlman enspirasyon n ap ba ou.
Clients & Sales
Aprann ki kote pou w jwenn premye kliyan ou yo. Aprann fè pwomosyon pou tèt ou sou rezo sosyal yo yon fason ki natirèl, san fòse. Antrene tèt ou sou fason pou w prezante sa w ap vann lan — menm si w se yon moun ki timid. Soti ak tout konfyans ou bezwen pou w vann tout bon vre.
Èske plas sa a se pou ou?
Atelye 3 jou sa a fèt pou yon kalite moun byen presi nan yon moman byen presi nan lavi l. Nou pito yon moun antre paske pwogram nan lye ak bezwen l tout bon vre, pase pou n ta fòse nenpòt moun enskri — se konsa nou fonksyone toujou.
Sa a se pou ou si
Sa a pa pou ou si
Ou konnen deja ou bezwen yon akonpayman pèsonèl (1:1) ki pi fon? Pa bezwen pase nan atelye a.
Ou poko sèten?
Gade anvan.
Ou ka jwenn ansyen Atelye yo pou w gade yo nenpòt lè w vle. Gade byen kijan Jocelyne travay — nivo fòmasyon an, fason li bay li nan de lang yo, ak anbyans kominote a ki nan sal la.
Yon ti frè pou antre ap ede nou separe moun ki enterese tout bon vre yo ak moun k ap annik pase gade. Peye yon sèl fwa, gade nenpòt repriz.
Sa ansyen patisipan yo
di.
The next one is
vini.
Plas yo limite. Pwogram nan ap fèt nan de lang. L ap an dirèk sou Zoom. Rezève plas ou anvan nou louvri enskripsyon yo pou tout moun.