Anvan Nou Pale Bizniz Kite m Pale avèk Ou

Mwen vle pran yon ti moman anvan nou antre nan koze estrateji, sistèm, ak kijan pou n kòmanse yon biznis.

Paske si m pral fè wout saa avèk ou, mwen bezwen ou konprann ki kote m soti.

Mwen pa la pou m vinn fè gwo diskou ak bèl mo.
Mwen pa la pou m fè w wè m entèlijan.

E mwen definitivman pa la pou m vann ou yon rèv nan yon bwat.

M la paske m bouke wè twòp moun tankou w ki gen bon lide nan men l epi ki pa janm rive fè anyen serye avè l, e sa fè m mal.
M wè moun ki gen gwo talan kap make pa an plas.

Mwen wè bèl lide ki mouri poutèt konfizyon.

Mwen wè moun k ap travay di pandan plizyè lane, men ki toujou santi yo pa fè yon pa an avan.

Se pa paske yo pa kapab, men se paske pèsònn pat montre yo kijan pou yo bati bagay yo jan sa dwe fèt, e si n ap pale franchman, nan kominote nou an, nou pa toujou pale de sa, nou selebre lè yon moun kòmanse, nou sipòte youn lòt an piblik.

Men dèyè rido a, anpil moun pèdi, pa gen estrikti,pa gen estrateji, pa gen vrè direksyon,se efò sèlman ,san rezilta, e mwen konnen santiman sa a byen, se poutèt sa mwen te kreye.
www.atelyebiznis.com

Se pa pou m motive w, se pa pou m ba w bèl ti fraz, men se pou m ede w bati yon bagay ki reyèl, yon bagay ki mache, yon bagay k ap rapòte lajan epi k ap ba w libète.

E mwen pral trè onèt avèk ou pandan tout vwayaj sa a, gen de fwa m pral ankouraje w, gen de fwa m pral rale zòrèy ou.

E gen de fwa, mwen pral di w bagay ou ka pa vle tande, men sa ap toujou soti nan yon sèl entansyon, mwen vle w briye, paske m kwè nan yon sél bagay, nou pa manke talan, nou pa manke lide, sa n manke se estrikti, direksyon, ak ekzekisyon, e se pou sa blòg saa egziste.

Chak atik mwen ekri pral ede w:

  • Reflechi yon lòt jan
  • Bati pi byen (Build smarter)
  • Aji ak entansyon

Pa sèlman kòmanse yon biznis… men fè l grandi tout bon.
Donk, si w la sèlman pou motivasyon, sa ka pa pou ou.
Men si w pare pou w serye, pou w ranje sa k pa mache a, epi pou w bati yon bagay ki ka chanje lavi w tout bon…
Ebyen, ou nan bon bò a.

An n al travay!