⚠️ Avi Enpòtan: Nou ranvwaye webinar jodi a (15 Jen). Priyorite nou se ba ou pi bon kalite eksperyans lan. Rete veyatif sou imel ou pou nouvo dat la! ⚠️ Avi Enpòtan: Nou ranvwaye webinar jodi a (15 Jen). Priyorite nou se ba ou pi bon kalite eksperyans lan. Rete veyatif sou imel ou pou nouvo dat la!

Lanse mak pwodwi bote ou a nan 30 jou san okenn kase tèt.

Yon plan estratejik etap pa etap ki retire tout konfizyon: kalkil pri pwodwi yo, anrejistreman LLC, règ FDA pou etikèt yo, ak sistèm livrezon. Tout bagay klè, òganize, epi fasil pou swiv.

Ou gen yon lide pou kreye pwòp mak pwodwi bote pa ou. Petèt ou deja gen yon bon fòmil. Men chak fwa ou vle fè pwochen etap la, ou santi w bloke.
Konbyen pou m vann pwodwi m yo? Èske m bezwen yon LLC? Ki règ FDA yo pou etikèt pwodwi yo? Kijan pou m voye kòmann yo san m pa pase tout jounen m nan biwo lapòs?
Ou pase plizyè semèn ap chache repons sou Google. Ou jwenn enfòmasyon ki pa dakò youn ak lòt, epi finalman ou rete menm kote a, san w pa avanse.

Pwoblèm nan se pa paske ou pa kapab. Pwoblèm nan se paske pèsonn pa janm ba ou yon plan ki klè, yon plan yon moun ki deja konstwi epi devlope yon mak avèk siksè te itilize.

Plan Lansman nan 30 Jou a se menm blueprint Jocelyne Firmin te itilize pou konstwi Kiyamèl Skincare, premye mak bote ki pou moun Nwa ki te resevwa rekonesans nan men National Eczema Association, epi ki sèvi plis pase 50,000 kliyan.
Nou pran tout leson li te aprann atravè eksperyans li, menm erè ki te koute l tan ak lajan, epi nou òganize yo nan yon plan senp, klè, jou apre jou, pou ou pa bezwen fè menm erè yo.
Pa gen teyori.
Pa gen devinèt.
Se sèlman etap konkrè ou ka kòmanse swiv depi jodi a.

Tout sa ou bezwen pou lanse mak ou a, nan yon sèl gid.

Lè ou ouvri gid la, men sa w ap jwenn:

Fòmil pou fikse pri pwodwi ou yo epi pwoteje pwofi ou

Aprann egzakteman kijan pou kalkile pri pwodwi ou yo pou ou pa vann twò bon mache. Chak vant ap kite pwofi nan pòch ou, olye li ale sèlman nan men founisè yo.

Anrejistre LLC ou san bezwen yon avoka

Swiv chak etap pou anrejistre biznis ou legalman Ozetazini san w pa depanse yon pil lajan pou yon avoka. W ap konnen ki dokiman pou ranpli ak nan ki lòd pou fè sa.

Konprann règ FDA pou etikèt pwodwi yo

Aprann kisa etikèt pwodwi bote ou yo dwe genyen, ansanm ak sa ou pa dwe mete ladan yo. Evite amann ak pwoblèm legal lè ou fè tout bagay kòrèk depi nan kòmansman.

Mete sistèm livrezon ou an plas

Aprann kijan pou itilize sèvis tankou Uline ak Amazon pou prepare epi voye kòmand ou yo san w pa bezwen fè ale vini nan biwo lapòs. Jere livrezon ou tankou yon gwo konpayi, dirèkteman depi lakay ou.

Yon kalandriye konplè pou 30 jou

Ou pap janm mande tèt ou: "Kisa pou m fè jodi a?" Chak jou gen yon aksyon presi pou w fè. Ou suiv plan an etap pa etap jiskaske ou rive lanse mak ou a avèk konfyans, san estrès, san konfizyon.

Pou konstwi yon mak solid nan endistri bote a, ou bezwen yon blueprint, pa eseye epi wè.

Chak jou ou ret tann se yon lòt jou ou ta ka deja ap bati biznis ou. Plan an pare. Etap yo klè.
Kounye a, sèl desizyon ki rete se pran premye pa a.

Pri Lansman
$ 0