31 jou egzèsis ekriti onèt pou kraze "survival mindse oubyen mantalite sivivan" sa, simonte laperèz pou vann tèt ou twò bon mache, epi bati mantalite yon CEO yo pa ka atenn.
Ou gen talan. Ou gen lide. Men chak fwa ou pare pou mete yon pri sou travay ou, gen yon vwa anndan ou ki di: “Moun yo p ap peye sa.” “Kilès mwen ye pou m mande tout lajan sa a? Konsa, ou bese pri w, ou bay travay ou prèske gratis, epi ou fini fatige, dekouraje, san pwofi. Pwoblèm nan se pa konpetans ou. Se yon mantalite sivivan ki te aprann ou rete piti pou w santi w an sekirite.
Rekalibre se yon jounal 31 jou ki ede w fè yon trava onèt sou tèt ou. Se menm kalite travay Jocelyne Firmin te oblije fè anvan Kiyamèl Skincare te rive sèvi plis pase 50,000 kliyan. Chak jou, w ap jwenn yon egzèsis ekriti ki ede w konfwonte yon laperèz, kraze yon manti ou te kwè sou tèt ou, epi ranplase l ak yon verite ki bati mantalite yon CEO. Sa a se pa motivasyon ki disparèt demen. Se yon rekonstriksyon ki fèt chak jou.
Lè ou ouvri jounal la, men sa w ap jwenn:
Egzèsis ki ede w dekouvri kote mantalite "jis kont pou m siviv" la soti, epi ki ba ou zouti pou kraze l yon fwa pou tout.
Travay sou laperèz ki fè ou vann tèt ou pou piyay, mande eskiz pou pri w, oswa doute de valè travay ou. Aprann fikse pri w ak plis konfyans.
Chak jou ajoute yon lòt nivo nan fason ou panse. Nan fen 31 jou yo, ou pap sèlman gen yon vizyon pou biznis ou; w ap kòmanse devlope idantite yon moun ki kapab dirije l.
Pa gen fraz ou repete san w pa kwè ladan yo. Chak kesyon pouse w reflechi, ekri verite w, epi fè chanjman ki dire.
Sèlman 10 minit pa jou pandan 31 jou. Yon estrikti senp ki ede w fè travay enteryè sa menm lè orè w chaje, san estrès ni presyon.
Pi bon estrateji nan mond lan pap mennen w lwen si fason ou wè tèt ou pa chanje. Kòmanse ak travay ki pi enpòtan an. Rekonstwi mantalite w. Yon jou aprè lòt