⚠️ Avi Enpòtan: Nou ranvwaye webinar jodi a (15 Jen). Priyorite nou se ba ou pi bon kalite eksperyans lan. Rete veyatif sou imel ou pou nouvo dat la! ⚠️ Avi Enpòtan: Nou ranvwaye webinar jodi a (15 Jen). Priyorite nou se ba ou pi bon kalite eksperyans lan. Rete veyatif sou imel ou pou nouvo dat la!

Sispann gaspiye tan w sou Google nan chèche founisè.

Yon lis verifye ki gen 32 founisè engredyan kosmetik kalite siperyè: luil pou po, bè natirèl, melanj ak pigman kosmetik, Ozetazini oswa Kanada. Tou verifye, tou pare pou ou kontakte.

Ou konnen ki kalite pwodwi ou vle kreye. Men olye ou kòmanse, ou prefere ap pase nan chèche founisè sou Google. Genyen ki vann twò chè. Genyen ki egzije yon kantite minimòm ou pa kapab achte. Genyen ki pa janm voye kòmand yo. Epi gen lòt ki pa menm reponn mesaj ou. Pandan tout tan sa a, biznis ou rete kanpe, paske san bon engredyan, ou pa ka kreye bon pwodwi. Epi lè ou pa konnen kiyès pou fè konfyans, chak desizyon vin tounen yon risk.

Yon move founisè ka diminye pwofi ou menm anvan premye vant ou. Yon bon founisè, okontrè, se fondasyon yon biznis ki estab, ki pwofitab, epi ki kapab grandi.

Plan Founisè Engredyan an se menm lis Jocelyne Firmin itilize pou apwovizyone Kiyamèl Skincare, yon mak ki deja sèvi plis pase 50,000 kliyan. Pa gen devinèt. Pa gen semèn rechèch. Ou jwenn 32 founisè verifye, klase pa kategori engredyan, pare pou ou kontakte depi jodi a. Anplis, ou aprann kijan pou mande Safety Data Sheets (SDS) pou verifye kalite engredyan yo epi pwoteje kliyan ou ak pwofi biznis ou.

32 founisè verifye, pare pou ou kontakte.

Lè ou ouvri panye a, men sa w ap jwenn:

32 founisè ki deja verifye

Pa gaspiye tan ak founisè ki pa serye. Chak founisè nan lis la verifye, ak non li, enfòmasyon pou kontakte l, ansanm ak kalite engredyan li espesyalize ladan yo.

Founisè klase pa kategori engredyan

Jwenn fasil sa w bezwen, kit se luil po, bè natirèl, melanj oswa pigman kosmetik. Tout òganize pou fè rechèch ou pi rapid.

Founisè Ozetazini ak Kanada

Jwen founisè ki sèvi tou de peyi yo, pou ou ka konpare pri, delè livrezon ak opsyon ki pi bon pou biznis ou.

Aprann mande Safety Data Sheets (SDS)

Konnen egzakteman ki dokiman pou mande chak founisè pou verifye kalite engredyan yo, respekte estanda sekirite yo, epi pran desizyon avèk plis konfyans.

Ekonomize semèn rechèch

Tout travay rechèch la deja fèt pou ou. Olye ou pase plizyè jou ap chache sou entènèt, ou ka kòmanse kontakte founisè yo epi fè premye kòmand ou pi rapid.

Pou konstwi yon mak ki dire, ou bezwen bon founisè, pa eseye epi wè.

Chak tan ou pase ap chèche sou Google se yon tan ou pa pase ap bati biznis ou. Pran chemen ki pi kout la. Jwenn aksè ak 32 founisè verifye, epi kòmanse avanse depi jodi a.

Pri Lansman
$ 0